K
Fèt pou machann ayisyen ki voye kolis 🇭🇹

Bay kliyan ou yo yon fason klè pou swiv kolis yo — san ou pa pase jounen w ap reponn kestyon.

KoteKoli ede w voye kolis yo ak plis lòd, plis prèv, ak plis vizibilite. Kliyan ou yo suiv livrezon an sou WhatsApp; ou menm ou reprann tan ou, kalm ou, ak imaj pwofesyonèl ou.

3 min
Pou kòmanse
0 app
Kliyan pa bezwen enstale
100%
WhatsApp-first
📦
OdyBeauty
✓✓ Livrezon
Bonjou Marie ! Kolis ou a kite depo jodi a 📦
10:23 AM ✓✓
Mèsi anpil ! 🙏 M ap swivi l
10:24 AM
TRK-OB4829
An Wout
Pou
Sara
Machand
OdyBeauty
Destinasyon
Pétion-Ville
COD
2 500 HTG
Kolis kreye ✓06 mas, 13:01
Livrè asiyen ✓07 mas
An wout 🛵07 mas, 14:18
Livre
💬 Kontakte Machand lan
💬 Kontakte Livrè a
Eske livrè a kapab rele m avan l rive? 📞
10:31 AM
Konfye pa —
OdyBeauty OFashion ReynoldTech BonStok Moda Lakay TechPort HT Bijou Kréyòl ZonVert Market OdyBeauty OFashion Byuty Cosmetics BonStok
🎯 Pou kiyès

KoteKoli fèt pou ou si...

Li pa pou tout moun. Li pi fò pou machann ak ekip ki deja voye kolis men ki bouke ak dezòd livrezon ak kestyon repetitif kliyan yo.

💬

Ou vann sou WhatsApp, Facebook oswa Instagram

Ou pale ak kliyan yo nan chat, ou pran lòd rapid, epi ou bezwen yon fason pi klè pou swiv livrezon yo san rantre nan yon gwo lojisyèl.

📦

Ou voye kolis chak semèn

Kit se 10, 50 oswa 200 kolis pa mwa, KoteKoli ede w wè sa k ap pase pi fasil epi diminye kestyon “kote kolis la ye?”.

🛵

Ou travay ak livrè pa ou oswa ak ajans

Lè kolis la kite men ou, ou pa vle pèdi vizibilite. KoteKoli adapte ak reyalite dirèk ak endirèk san twòp konpleksite.

Li pa fèt kòm yon gwo ERP oswa yon sistèm entrepôt konplèks. KoteKoli se yon zouti senp, pratik, ak efikas pou tracking, proof of delivery, ak klète pou kliyan ou yo.

⚡ Pwoblèm reyèl

Kliyan yo rele, ou pa konn reponn

Chak jou, kestyon yo menm: “Kolis mwen an kote?” “Eske li rive?” “Livrè a rele m?” KoteKoli ede w mete plis klète nan sa san ajoute plis travay.

😩

Anvan KoteKoli

Twòp mesaj ak apèl pou chèche kolis la
Ou pa fin sèten ki kolis ki livre, ki ki an reta
Kliyan yo pa gen ase nouvèl, yo vin sispèk
Diskisyon sou livrezon oswa sou prèv
Tout bagay gaye nan tèt ou ak nan chat yo
🚀

Apre KoteKoli

Kliyan resevwa yon lyen tracking yo ka louvri fasil via WhatsApp
Ou wè estati kolis yo pi klè nan yon sèl dashboard
Livrè mete à jour etap yo, menm lè rezo pa estab
Foto prèv livrezon disponib si gen kestyon
Mwens dezòd, mwens kestyon, plis tan pou vann
✦ Valè KoteKoli

Yon zouti senp ki fè plis pase jis tracking

KoteKoli pa la sèlman pou montre kote kolis la ye. Li ede w fè livrezon yo pi klè, bay kliyan yo plis vizibilite, epi mete plis lòd nan operasyon yo.

🧾

Pou ou kòm machann

Wè tout kolis yo nan yon sèl kote, konprann ki sa ki livre ak ki sa ki poko rive, epi sispann depann sèlman sou chat ak memwa ou.

📱

Pou kliyan ou yo

Bay yo yon lyen tracking klè yo ka louvri sou telefòn yo san enstale okenn app. Sa rann eksperyans lan pi pwofesyonèl ak pi fasil pou suiv.

📶

Pou livrè ou yo

Yon aplikasyon senp, offline-ready, pou mete à jour estati yo epi pran foto prèv livrezon an lè sa nesesè.

💵

Pou operasyon ou yo

Jesyon peman ala livrezon, proof of delivery, tracking public, ak sipò pou livrezon dirèk oswa endirèk — san fè sistèm nan tounen yon bagay twò lou.

📷

Prèv lè sa konte

Lè gen kestyon sou si yon kolis rive oswa non, foto prèv ak istwa estati yo ede w rezoud sa pi vit ak mwens diskisyon.

Mete an plas rapid

Ou pa bezwen yon gwo déploiement. Kreye premye kolis ou vit, voye lyen tracking lan, epi kòmanse wè valè a menm jou a.

🗺 Kijan l mache

3 etap. Tracking klè.

KoteKoli pa fè livrezon pou ou. Li ba ou yon fason pi pwofesyonèl pou jere sa w deja ap fè ak kliyan ou yo ak livrè ou yo.

🏪
1

Ou kreye kolis la

Antre non kliyan an, telefòn li, ak adrès li. KoteKoli jenere yon kòd swivi ak yon lyen ou ka pataje fasil via WhatsApp.

🛵
2

Livrè a mete à jour

Livrè ou a wè kolis la sou telefòn li, mete estati yo ajou, epi ka pran foto prèv la. Sa kontinye mache menm lè koneksyon pa estab.

📲
3

Kliyan an swiv poukont li

Li klike sou lyen an, li wè etap yo, li konprann pwochen mouvman an, epi li bezwen rele ou mwens pou mande “kote kolis la ye?”.

💳 Pri

Peye pa kolis — zewo abònman

Achte yon pak kredi, voye kolis ou yo, epi kenbe pri a senp. Pou anpil machann, jis kèk kestyon oswa diskisyon ou evite deja fè sa fasil pou jistifye.

Yon fason senp pou gade ROI a

Si ou voye 100 kolis pa mwa ak Pack 100, sa fè anviwon HTG 15 pa kolis. Si sa ede w sove kèk apèl, kestyon, oswa diskisyon sou livrezon, pri a vin pi fasil pou jistifye pandan eksperyans kliyan an vin pi klè.

1 pak → Pri nòmal
3 pak → -15% · Valab 3 mwa
6 pak → -25% · Valab 6 mwa
Essai Gratuit
Eseye KoteKoli san risk
GRATIS
  • 3 kredi pou eseye
  • Valab 3 jou
  • Tracking WhatsApp konplè
  • QR codes otomatik
  • Aplikasyon livrè offline
  • — 1 sèl essai pa kont
Kòmanse Gratis →
🏆 MEILLÈ VALÈ
Pack 600
Pou gwo vòlim livrezon
HTG 5,000 / 600 kredi
HTG 8.33 / kolis
  • 600 kredi (600 kolis)
  • Valab 30 jou
  • Tout fonksyon konplè
  • Foto prèv livrezon
  • Livrè ilimite
  • 6 pak = HTG 22,500 (-25%)
Achte Pack 600 →
Pack 25 DÉMARRAGE
25 kolis · HTG 20.00/kolis
HTG 500 Achte →
Pack 100 REGULYE
100 kolis · HTG 15.00/kolis
HTG 1,500 Achte →
💬 Témoinyaj

Sa machann yo renmen nan KoteKoli

★★★★★

"Anvan, mwen te resevwa 20 apèl pa jou sou kolis yo. Avèk KoteKoli, kliyan mwen yo swivi poukont yo — mwen ka fokis sou vann."

SC
Merline B.
OdyBeauty
★★★★★

"Livrè mwen yo travay san koneksyon nan zòn ki pa gen rezo. Kolis yo senkronize otomatikman. Sa chanje tout bagay pou nou."

JM
Jean-Marc P.
TechPort HT — Port-au-Prince
★★★★★

"Foto prèv livrezon an rezoud tout diskisyon. Kliyan pa ka di yo pa resevwa kolis la ankò. Mwen sove yon douzèn koz pa mwa."

ML
Marie-Line V.
Bijou Kréyòl — Jacmel
👀 Eksperyans kliyan

Kliyan ou yo pa jis resevwa yon lyen

Yo jwenn yon eksperyans tracking ki klè, rasiran, epi fasil pou suiv sou telefòn yo. Sa ede yo konprann sa k ap pase ak kolis la, epi sa fè biznis ou parèt pi serye depi premye mesaj la.

💬

Via WhatsApp

Yon mesaj ak yon lyen tracking fasil pou ouvri
Pa bezwen enstale okenn app
Kliyan an ka wè estati yo sou telefòn li
📦

Sou paj tracking la

Etap yo parèt klè: resevwa, an wout, livre
Pwochen aksyon an pi fasil pou konprann
Si sa nesesè, gen prèv oswa enfòmasyon pou kontak
❓ FAQ

Kesyon yo poze souvan

Si repons lan pa la, ekri nou sou WhatsApp — nou reponn nan 1 lè.

Eske livrè a bezwen koneksyon entènèt pou travay ?
+
Non — aplikasyon livrè a travay 100% offline. Livrè a mete à jour estati kolis yo menm san koneksyon. Yon fwa li jwenn rezo ankò (WiFi, 4G, oswa 3G), tout aksyon yo senkronize otomatikman. Sa rezoud reyalite Ayiti : zòn Cité Soleil, Jacmel, Cayes — toupatou kote rezo a fèb.
Eske kliyan mwen yo bezwen enstale yon app ?
+
Non — zero app pou kliyan. Kliyan resevwa yon lyen WhatsApp senp (egzanp : kotekoli.app/track/TRK-OB4829). Li klike, li wè tout etap livrezon an nan navigatè a — Chrome, Safari, peu importe. Pa gen kont, pa gen telechajman. Sa mache menm sou vye telefòn Android ki pa gen anpil espas.
Ki jan kredi yo fonksyone egzakteman ?
+
1 kredi = 1 kolis swivi konplè. Ou achte yon pak (25, 100, 250 oswa 600 kredi), epi chak fwa ou kreye yon kolis, 1 kredi dedwi. Kredi yo valab 30 jou apre acha. Si ou gen 50 kredi ki rete sou 250 apre 30 jou — yo pèdi. Konsey nou : achte selon volim reyèl ou nan yon mwa. Pa gen frè kache, pa gen abònman mansyèl, pa gen limit sou kantite livrè.
Eske mwen ka swivi livrè ki pa travay dirèkteman ak mwen (bis, agans) ?
+
Wi — KoteKoli sipòte de (2) tip livrezon. Livrezon dirèk : livrè pa ou a itilize aplikasyon an, mete foto prèv, kliyan swivi an tan reyèl. Livrezon endirèk : ou voye pa yon bis oswa agans ? Ou skannen resèp konfirmasyon an kòm prèv — kliyan wè kolis la konfime livra. Nan toude ka, kliyan jwenn notifikasyon WhatsApp otomatik.
Kisa ki pase si kliyan a di li pa resevwa kolis la ?
+
Foto prèv livrezon an pwoteje ou. Livrè a oblije pran yon foto nan moman livrezon an — foto sa a anrejistre nan sistèm nan avèk estamp lè egzak. Si kliyan konteste, ou gen prèv vizyèl irefitab. Anpil machann sove plizyè koz kontestasyon pa mwa gras ak fonksyon sa a.
Konbyen tan sa pran pou kòmanse ak KoteKoli ?
+
Mwens pase 3 minit pou premye kolis ou a. Ou kreye kont ou (gratis, pa gen kat kredi), ou resevwa 3 kredi essai imedyatman. Ou tape nom destinatè a, nimewo telefòn li, adrès livrezon — kolis kreye, lyen WhatsApp prè pou voye. Livrè ou a telechaje aplikasyon an yon fwa, epi li aktif pou tout livrezon k ap vini yo.

Sispann jere livrezon yo nan dezòd.
Kòmanse voye yo ak plis konfyans jodi a.

Pa gen kat kredi. Pa gen abònman. 3 kolis gratis pou teste si kliyan ou yo suiv pi byen, rele mwens, epi santi biznis ou pi pwofesyonèl dès premye livrezon yo.

Deja gen yon kont? Konekte